tibob

Men Mwen Men mwen (3x) O Jezu men mwen Ou wo hohhh Men mwen (3x) O Jezu pran mwen hmm hmm hmm Depi nan pye jouk nan tèt Peche fin avili m nèt M pa konn jan pou m parèt Mwen gen twòp dèt Tèlman mwen monte-desann Dife lavi m tounen sann Nan m mwen pèdi nan savann Douvan tout pòt se kont m ap rann M konn tande pale de ou Se sa k fè m vin devan ou Kou w chen mouri nan labou Men m atè a m ajenou -2- Lachè fann mwen bout pa bout Satan prije m gout pa gout Zanmi m yo lage m nan wout M pran kou m a bout M konn fin leve mwen chita Dyab la di m pa fè yon pa Plezi lachè ret ankwa Wi nan lespri m se gwo konba Gen lontan pou m te fè sa Zafè moun k ap rablabla Zafè nanm k ap regle la Jodi a men m atè a Satan mèt fache Jodi a se jou pa m nan Se jou pa m nan Pa vin di m m a gen tan Satan mèt move Jodi a se pou mwen Sa te gentan siyen Pèsonn pa p fè m tann demen Satan mèt fache Jodi a se jou pa m nan Se jou pa m nan Nanm mwen pral chanje kan Satan mèt move Jodi a se pou mwen Se pou mwen, l se pou mwen Pòt lagras pa p fèmen sou mwen Kris souple, oh aksepte mwen Fò m kriye nan pye Senyè a Jouk mwen jwenn plas pa m nan syèl la Souple padone m Jezu fòk san w lave m Avèk peche mwen renonse Oh Oh Mwen pa p leve san mwen pa sove
Nou se Limyè Si n te pran san n koute Tout pawòl ke bouch n ap pale Nou ta chita panse Konbyen nou fè lesyèl kriye W a di n pèdi nou san destinasyon Pa jalouzi bouch nou plen madichon Lè n wè yon frè nan w vle sitiyasyon Tan pou n ede nou fè difamasyon Refren Di m kote lanmou nou kache Kot flanbo nou briye Sonje byen n se limyè tè a Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa Kot lanmou Bondye a Kot flanbo pitit la Sonje byen n se limyè tè a Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa -2- Si fwa n te nan lèzòm Lè konsa nou te chavire Kè yo bat pou lafòm Se lanmò souf yo degaje Amou Bondye pi fò ke tout bagay Men poukisa pou syèl nou pa p travay Nou rayi frè pa vle wè vwazinay Douvan lemal se toutan n ap fè fay Refren Di m kote lanmou nou kache Kot flanbo nou briye Sonje byen n se limyè tè a Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa Kot lanmou Bondye a Kot flanbo pitit la Sonje byen n se limyè tè a Fò n kanpe pou lavi ka gen viktwa Nou se limyè ... Nou se limyè N ap klere n ap briye Nou se limyè latè Fò n klere nan fènwa Nou se limyè latè Fò n klere, fò n briye Pou lavi ka konnen viktwa Nou se limyè ... Wo oh oh oh Sou nou y ap gade Se sa k fè nou dwe mache Sou chimen lacharite Lanmou lajwa la libète Fò n klere, fò n briye Pou lavi ka konnen viktwa
Ou Leve m Wo Lè mwen sonje Kote lanmou retire m Kouman w ta vle Pou m ta kite w ale Kè m ap fete Chak jou paske w bò kote m Depi w fache Lavi mwen toumante Ou leve m wo Devan je tout fanmi m yo Ou leve m wo Devan lasosyete Defo m yo Kote w disparèt san fòse San ou m fèmen Mwen pa menm ka itil tèt mwen Mwen vin pi wo Lè m gade w pran m a zewo Fènwa ban m do Ou pote m kon w fado Fò w di mwen Kouman pou m ta fè fonksyone San ou vi mwen Cheri deja gache -2- Mwen sonje tout Sa mwen avè w nou pase Mwen pa gen dout Syèl voye w korije m Ou fè de mwen Sa m pa t janm imajine M son w òfelen Si ou pa nan panse m Ou leve m wo Devan je tout fanmi m yo Ou leve m wo Devan lasosyete Defo m yo Kote w disparèt san fòse San ou m nan zen Ka lavi m pa vle di anyen Mwen vin pi wo Lè m gade w pran m a zewo Fènwa ban m do Pou kè m ou son w kado Ou fè m wè Kijan Bondye m nan renmen m vre Si w pa t avè m Vi m te deja gache Ou se gou syèl mwen sou latè Se ou k fè m konn gou bonè (bis) Mwen pa anvi pou w ale M ap fè efò pou n pwospere Lavi an mwen se nou de Mwen pa wè tèt mwen k ap respire san ou Babe Fòs lanmou ka fè m mache Ah sou chimen verite Pou jouktan Bondye releeee m Babeee Ou se gou syèl mwen sou latè Se ou k fè m konn gou bonè (bis) Mwen pa renmen w pou de jou Nan bon tan kou move jou Se kòd lanmou k mare nou pa lage mwen doudou Mwen-menm avè w son w mèvèy Menm si tout moun wè n pèdi fèy Lanmou Se zam Bondye ba nou

- Advertisement -

Dans l'acutalités...