Rele Jezu
Refren
Jezu
lè m tris mwen rele Jezu
lè m kontan mwen rele Jezu
e li toujou tande m wo o o
Jezu
si w pa t la sa mwen t ap fè Jezu
se sou ou mwen apiye Jezu
kè m pa gen dwa sote
Jounen m kòmanse
m remèsye Bondye
mwen ba l tout sa m ye
lavi m asire
zanmi m pa sou chans
pou l ban mwen delivrans
mwen fè li konfyans
mwen gen asirans
Si w wè m nan lajwa
se li ki fè sa
lè m te san zespwa
li ban mwen viktwa
zanmi pa gen lòt
li se kle pou tout pòt
fò nou pran bon nòt
zafè lèzòt
Pon
Ou pa bezwen pè fè l konfidans
li menm tou li konnen lasoufrans
ou mèt ouvè tout kè w ba li
ou pa ka pèdi pari
li pa p mete w nan lari
Kèlkeswa wotè w rive
sanzatann ou ka tonbe
ou te mèt plen konesans
sèl Jezu k bay asirans
si w kite vi w nan men li
ou pa p janm regrèt zanmi
l ap ba w fòs l ap ba w pouvwa
ou pa p janm tètanba
O depi zafè n ap mache
lèzòm toujou prezante
lè nou tonbe plat atè
tout zanmi vole gagè
men si Jezu avèk nou
nou pa p janm ret pou kont nou
depi n desann sou jenou
li gentan la pou nou
Sa Bèl
Ou pa jeneral
Men w gen w lame ki rele w pa w
Nan lagè kè w kal
Solda ap batay pou viktwa w (Viktwa a!)
W pa gen doktè lopital
Gratis zanj pot gerizon ba w
(San 5 kòb gerizon ba w)
Menm lè w tribinal
Tout lesyèl tounen avoka w
Ouuuuuhhhhh!
Pon
Ak lanmou Bondye nan kè
Sa w kwè vin tounen sa w wè
Sa w di ka koupe fè
Met dife nan kan Lisifè
Menm sa w te pè
Vin tounen sa w ap fè
Konplo nan fènwè
Avili gran jeklè
Refren
Sa Bèl o
Lè w gen Bondye Sa Bèl …
-II-
Ou poko gen zèl
Nan syèl w gen branch ou gen rasin
Kay ou son w tonèl
Men lè siklòn ou sou dodin (Dodin in!)
Menm lè razè fè w konn fyèl
Chak jou dife limen nan kizin
(dife limen nan kizin)
Ou pa w ofisyèl
W jwen ochan kou chèf nan tribin
Ouuuuuhhhhh!
Pon
Se tankou match foutbòl
Ekip ou pa ka pran gòl
Depi w pran lapawòl
Advèsè w san pwotokòl
Tout jwè kremòl
Douvan w pèdi kontwòl
E si w ta pèdi wòl
Lesyèl ap ba w zèpòl
-III-
Ouuuuuhhhhh!
Pon
Yo mèt kouche an kwa
Pou ou sa se madigra
Ou pa p janm tèt anba
Sou fòs mal Bondye ba w dwa
Puisans fènwa
Douvan w tout se fatra
Satan konn sa
Lè w di Alelouya! (Alelouya!)
Sa Bèl
Lè w gen Bondye wo! (4x) (Sa Bèl)
Menm nan movetan kè w ret kal (Sa Bèl)
Paske lavi w pa p janm pase mal (Sa Bèl)
Yo mèt pale w mal anbachal (Sa Bèl)
Douvan yo w ap file kou zetwal (Sa Bèl)
Pye w pa ka bite sou dal konplo yo (Sa Bèl)
Yo pa ka touche w lè w nan mitan yo (Sa Bèl)
San bato w ap janbe tout vye pas dlo yo (Sa Bèl)
Kannòt Sentespri va ba w zèl nan do (Sa Bèl)
Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl)
Mwen di Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl)
Moun pa ka vin di w pa p rive (Sa Bèl)
Se...
Sanble Avè w
(2x)
Mwen/Fè vle sanble avè w
Se chanson m se priyè m
Patou kote m pase
Yo va wè ou nan mwen
(2x)
Nan fason mwen pale
Nan fason m konpòte m
Yo va wè ou nan mwen
Kè (2x)
Pannan ou la Senyè
Ranpli m ak lespri ou
Pran kò m sèvi avè l
Pran kè mwen kòm trön ou
Fè mwen sanble avè m
Mwen vle sanble avè w
(Sanble avè w)
(Se priyè mwen)
(Ou-Wo-Wo-Wohh)
(Sanble avè w)
(Se priyè m)
(Ou-Wo-Wo-Wohh)
(Fason m pale)
(Fason m pale)
(Ou la Senyè)
(Ou la Senyè)
Mwen vle sanble avè w =
Repete ...
Mwen vle mache tankou ou Jezu
M vle fè moun viv tankou ou Sovè
Mwen vle pot kwa m san mwen pa plenyen
Pran mòn kalvè m san m pa fè tenten
San m pa konpwomèt Levanjil
Mwen vle sanble avè w
San m pa nan pawòl anpil
Mwen vle sanble avè w
Pou pa gen bri ki fè kè m kase
Pou pa gen chòk ki fè pye m bite
Fè mak klou yo grave nan kè m
Pou m ka renmen frè m
Fè kout frèt yo siyen nan chè m
Pou m ranje zafè m
Fè pawòl ou vin pen kotidyen m
Pou lespri ou pran kontwòl desten m
Pasteur Joseph Pierre nan Ottawa, Bondye beni w pou enspirasyon sa
NB- First the lead will sing the whole thing, then it’s the chorus and at the end they’ll interchange.
Sispann Jije
Ou menm ki depi w leve w ap klase w ap jije
ou panse lesyèl ba w dwa pou w kondane
ak moun w ap viv toulejou
moun w ap pale chak jou
y ap toujou yon mistè pou ou
ak baton w ap mezire
kritike fè kriye
se avè l Bondye va jije w
Refren
Se pou n chanje jan nou panse
tounen nan dwa chemen
sa k nan kè w lòt nou pa konnen l
se pou n chanje jan nou panse
pou dat nou nan legliz
o dènye jou gen anpil sipriz
Pastè ak predikatè nou menm k ape travay
ap fouye pawòl Bondye pou n bay mesay
menm si nou wè y ap koute
pawòl la pa rete
kou yo sòti yo transfòme
men fò n kontinye plante
gen kèk grenn k ap leve
rekonpans nan men Bondye
Nou menm timoun ki gen chans grandi nan pawòl la
pa kite move defo twouble lafwa n
legliz pa yon tribinal
pa jije frè ou mal
douvan Bondye men nou tout sal
an nou tout fè sa ki bon
n a jwenn benediksyon
konsa n a jwenn revelasyon
Concert Gospel Saphir Ministry à Delmas 75 : Sortie de l’album Wap Renye
La chorale Gospel Saphir Ministry a organisé ce dimanche 13 avril un concert live et une vente...
Concert Gospel Montréal 2025 : L’Événement à ne pas Manquer
RADIO TÉLÉVISION FELLER présente un événement exceptionnel le dimanche 4 mai 2025 à partir de...
Wiliadel Denervil et Fre Gabe : Leur collaboration dans "Istwa Pou W Rakonte"
Wiliadel Denervil est une artiste haïtienne contemporaine de musique chrétienne, reconnue pour...
Qui est Fiston Mbuyi ? Découvrez l’artiste gospel congolais
Fiston Mbuyi, né le 27 décembre 1987 à Mbuji-Mayi en République Démocratique du Congo, est un...
Concert & Vente Signature – La chorale Gospel Saphir entre dans une nouvelle dimension !
Le rendez-vous est pris ! Ce dimanche 13 avril, la chorale Gospel...